son lanm lanmè – yon j èn ansent karese tibebe ki poko fèt li kokiy lanmè – ti dwèt pitit mwen an touche sot pase a liv an bray – yon timoun manyen dousman mo limyè a yon loup – timoun nan ak f oumi an gade youn ak lòt lari banlye – timoun yo pataje vòl yon sèl kap ansyen pon an – yon timoun refw adi pye l nan nyaj yo douvanj ou prentan – men yon timoun sou fenèt lopital la leson sou lagè – nan je ble timoun nan yon planèt trankilite anivèsè – vye drapo papa m al jwenn pitit mwen an timoun alantou dife a – pawòl vye granmoun lan pase nan limyè a Otè: Tara Eduard ----------------------------- Tèks sila a te ranpòte twazyèm pri konkou pwezi #TimounSeMoun (2024) ki òganize sou lobedyans òganizasyon Action Communautaire de Transformation et d'Intégration Formelle (ACTIF)