mond lan atravè je timoun yo  (sekans haiku modèn)
  • June 16, 2025
  • | 0

mond lan atravè je timoun yo (sekans haiku modèn)

Haiku se powèm ki pi kout nan mond lan, ki gen twa vèsè. Kalite pwezi Japonè sa a reflete kilti zen nan règ estetik li yo. Senbòl yo ak alizyon yo se karakteristik prensipal yo nan powèm nan. Sekans haiku sa a se yon powèm dis haiku ak yon tèm santral: timoun yo. (Nòt otè a)

son lanm lanmè –
yon j èn ansent karese tibebe ki poko fèt li

kokiy lanmè – ti dwèt pitit mwen an touche
sot pase a

liv an bray –
yon timoun manyen dousman mo limyè a

yon loup –
timoun nan ak f oumi an gade youn ak lòt

lari banlye –
timoun yo pataje vòl
yon sèl kap

ansyen pon an –
yon timoun refw adi pye l
nan nyaj yo

douvanj ou prentan –
men yon timoun
sou fenèt lopital la

leson sou lagè –
nan je ble timoun nan
yon planèt trankilite

anivèsè –
vye drapo papa m
al jwenn pitit mwen an

timoun alantou dife a –
pawòl vye granmoun lan
pase nan limyè a

Otè: Tara Eduard
-----------------------------
Tèks sila a te ranpòte twazyèm pri konkou pwezi #TimounSeMoun (2024) ki òganize sou lobedyans òganizasyon Action Communautaire de Transformation et d'Intégration Formelle (ACTIF)

Partager
À propos de l'auteur

Éditions Repérage

    Laissez un commentaire