Zantray: yon lonnvi pou gade lavi k ap trimen nan bave yon sosyete an pouriti
  • May 29, 2025
  • | 0

Zantray: yon lonnvi pou gade lavi k ap trimen nan bave yon sosyete an pouriti

Lè n ap suiv kontèks enonsiyasyon ki mennen nou fè yon bèl ti vwayaj nan Zantray, Blondy Wolf Leblanc AKA Gabynho suiv menm chemen Émille Célestin-Megie, Jean-Marie W. Denis (Jan Mapou), Raoul Altidor, Manno Ejèn…te trase pou mete fòm literè ki rele ‘’Nouvèl literè’’ a sou yon pyedestal nan lang ayisyen an.

Yo toujou di, zantray yon moun se tatawèl, bizawèl, tant ak tantin avèk tout rès kòd lonbrit li yo k ap benyen nan enèji lavi li. Oudimwens, tout rèv li te konn viv depi lè l potko vini sou tè a pa lantremiz zansèt li yo epi li vin kontinye ap viv toujou nan yon lojik metanpsikoz. Ebyen, tripotay lakay, desepsyon nan lanmou, dezimanizasyon, lekti ankouraje, senkretis, tolerans nan fanmi an, rèv, fantas, kochma, kadejak, trayizon, irasyonalite elt, se tout tematik sa yo nou jwenn k ap bouyi nan Zantray pa Gabynho a nan yon langaj chèlbè k ap pouse lektè yo viv ilizyon literè a pi dous toujou e ki pèmèt tou nou gade lavi nan lonnvi k ap trimen nan bave yon sosyete an pouriti.

Douglas Zamor, Powèt

Partager
À propos de l'auteur

Éditions Repérage

    Laissez un commentaire